|
Ayiti cheri, pi bon peyi pase ou lanpwen
F�k mwen te kite w pou mwen te kap konprann val� w
F�k mwen te manke w pou m te kap apresye w
Pou m santi vreman tout sa w te ye pou mwen
Gen bon sol�y, bon rivy� e bon brevaj
Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj
Gen bon ti van ki bannou bon ti frech�
Ayiti Toma, se yon peyi ki m� ch�
L� w lan peyi blan, ou gen yon vye fr�t ki pa janm bon
E tout lajounen ou oblije ap boule chabon
Ou pakab w� kl� otan sy�l-la ret and�y
E pandan si mwa tout pyebwa pa gen f�y
Lan peyi mwen, gen sol�y pou bay chal�
Diran lane tout pyebwa pe bay lonbraj
Bon briz de m� toujou soufle sou no plaj
Ayiti Toma, se yon peyi "ki m� ch�"
Kon ou lan peyi blan, ou w� tout figi yon s�l koul�
Lanpwen milatr�s, b�l marabou, b�l grifonn krey�l
Ki renmen b�l w�b, bon poud e bon od�
Ni b�l jenn n�g�s ki konn di bon ti paw�l
Lan peyi mwen, l� tout b�l moun si la yo
S�ti lan m�s ou s�ti lan sinema
Se pou gade, se pou rete dy�l lolo
Ala bon peyi se ti Dayiti Toma!
L� w lan peyi blan, ou pa w� mango ni k�k di tou
Lanpwen sapoti, ni b�l kayimit v�t ou vyol�t
Lanpwen zanana, ni b�l ti p�m kajou
Ki ban nou bon nwa pou nou f� bon ti tabl�t
Ou jwenn zoranj ki soti an Itali
Men qui fennen, qui toujou mwatye pouri
An Ayiti sa si bon se koupe dw�t
E sou se rap�, nou bay tout peyi pay�t
L� w lan peyi mwen, kote ou pase tout lon chemen
Se bonjou komp� e makom� e pitit la yo?
Sa'n pa w� konsa, manyen rentre ti bren
Pou'n bwa ti kichoy, pou nou jwe de ti kout zo.
Fin bay lan men, se rentre lan gran pale
Se politik, se mov�z sitiyasyon
Sa pou nou f�, se pou nou pran li koul' ye
Men bon Dye si bon, la ban nou benediksyon
L� w ou lan peyi blan, ou p� promennen nwit kou jou
Tout moun p� mache, prese prese wa di se chen fou
kote yo prale, pouki yap kouri konsa?
Yo p� p�di tan, yo pa janm di: kouman sa?
Lan peyi mwen, moun pa rete avek l�
Genyen lib�te, ou gen tan pou pran frech�
Kote ou pase, se bonjou se bay lan men
Moun pa janm prese, yo koze tout lon chemen
L� w an Ayiti, ou pa janm manke tan pou soufle
Sak pa f�t jodi, ou kap f�t li demen si ou vle
Kan demen rive, kel bon ou kel pa bon
Sa pa f� anyen, tout moun konn di bon dye bon.
An Ayiti, moun pa janm dezespere
Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti
Nap f� jodi, kan demen pa asire
Ala bon peyi, o mon Dye, se Ayiti!
|